Kontni KreyòlLittérature

Dezafi : yon woman Frankétienne tout ayisyen ta dwe li jounen jodi a

Dezafi se yon zèv Frankétienne, li pibliye nan lane 1975. Li se yon liv ki enpòtan anpil nan listwa literati ayisyen an, paske li te ekri an kreyòl men se pa pou sa ase. Dezafi pa premye tèks ki ekri an kreyòl, te deja gen lòt tankou : Choucoune, ki se yon powèm Oswald Durand ekri nan lane,1883 epi Lizèt quitté la plaine, yon tèks Duvivier de la Mahautière Moreau de St-Méry te pibliye li an 1797.

Dezafi jwenn tout enpòtans li paske se te premye woman ki te pibliye nan lang manman nou. Ak woman sila, Frankétienne fèmen bouch anpil malpalan ki te panse kreyòl la se te yon senp dyalèk yo. Frankétienne te pwouve tout moun li posib pou kreye nan lang kreyòl la.

Frankétienne, se youn nan gwo ekriven literati ayisyen an, li fèt nan lane 1936 kidonk se yo ekriven ki travèse anpil moman sonm nan listwa peyi Dayiti. Pami yo diktati Duvalier yo. Nan yon peryòd difisil tankou diktati a, sitou pou entèlektyèl ki t ap konbat rejim sila, anpil nan entèlektyèl sa yo te fè chwa kite peyi a epi kontinye batay la lòtbò dlo. Frankétienne li menm te pito rete batay nan peyi a ak zam li, ki se ekriti. Kidonk se nan kontèks : perèz, entimidasyon, zak asasinay ; yon kontèks kote libète ekspresyon an pa t garanti Frankétienne, ekri kalite zèv sa. Yon liv tout kominote entèlektyel ki te gen kòm lang manman yo kreyòl te salye.

Nan Dezafi, otè a prezante nou Saintil, yon prèt vodou ki gen yon bann zonbi sou kont li. Li gen kòm konapyèl Zofè epi li gen pitit fi li, Sultana, ki la pou bay zonbi yo manje. Yon jou Sultana pral tonbe damou youn nan zonbi yo, Clodonis. Sultana libere Clodonis, li ba li manje sèl, malgre Saintil te di li piga li janm fè bagay konsa. Clodonis li menm ale libere lòt zonbi yo, sa ki pral debouche sou levekanpe zonbi yo.

Jan nou sot mansyone sa pi wo nan tèks la, Dezafi ekri nan yon peryòd kote diktati t ap fè raj. Nou pa bezwen mobilize anpil resous entèlektyel pou nou konprann otè a t ap drese konsta sa l ap viv, jan li konprann sitiyasyon an nan epòk la. Non plis tou, nou pa bezwen fè anpil ekzèsis pou n konprann, pèsonaj tankou, Saintil, Zofè reprezante on seri moun nan peyi a, k ap manipile, mistifye, krabinen mas pèp la, zonbi yo reprezante nan woman an epi tou Clodonis ta ka reprezante on pati moun ki tou suit yo fin pran konsyans, yo ta dwe ede mas la jwenn wout limyè. Ou ta di Franckétienne te yon divinò, li te prevwa sa ki ta pral rive, paske nan lane 1986 pèp Ayisyen an te rive dechouke rejim diktati sa, kidonk anviwon 11 lane aprè kokenn chenn woman sila te sòti.

E kounya ? Ebyen li klè anyen pa chanje. Se vre diktati kaba, demokrasi mete pye, men nou ka konstate se non ki chanje, fonksyonman yo rete menm, enstitisyon yo ret tennfas, pratik yo rete drèt. Se toujou menm kout mal taye yo pou kenbe pèp la nan fè nwa, mistifye l pou anpeche l revandike, anpeche l jwenn edikasyon pou l pa janm pran konsyans. Fè l vire gad Bondye kote l ta dwe ap kesyone sou koze politik piblik elatriye, konsa, moun ki la pou asire byen èt li yo deresponsablize yo.

Yon ekstrè nan Dezafi kote Saintil ap pale ak pitit fi l e ak konpayèl li.

Saintil kare kò l sou on fotèy yon makonn zonbi ajenou anba perestil la, Sultana chita a dwat sou on chèz pay, a goch Zofè kanpe tou rèd ak yon frèt kach, twa gwo bouji mongoulik limen bò poto mitan an Saintil tanmen souke ason.
« Sultana pitit mwen, koute byen sa m ap di w, ou anchaje bay zonbi yo manje, pa janm bliye sèl se pwazon, pa janm bliye sa pitit mwen ». Saintil souke ason li pale langay, li vire gade a goch. « Ou menm Zofè, kale tèt zonbi yo blanch demen maten, anvan solèy leve byen kale blanchi avan y al travay nan marekay, depi on zonbi manke fè wòklò. Filange po li, moulen vyann li, krabinen zo li, kraze tèt li jouk li tounen farin, le fini bwè san li, pa dwe gen pas pouki pou pesòn se mò rèd pwenn fè pa pou tout moun ».

Anviwon, 47 lane depi Dezafi te parèt, sa otè a t ap kondane yo toujou nan aktyalite a jounen jodi a si yo pa vin pi grav menm. Saintil yo ak Zofè yo toujou la, pou zonbifye, manipile, touye, pèp la toujou sou kont Bondye bon, Clodonis yo de jou an jou ap vin pi ra. Èske latriye zonbi sa yo ap kontinye inyore fòs yo ? Èske y ap kontinye gade Saintil ak Zofè nan je k ap maspinen yo ?

Dezafi se yon liv ki enpòtan anpil, non sèlman li ekri nan yon kreyòl ki bèl anpil epi tou pou istwa k ap pase ladann nan. Ki montre nou on tiran malgre tout mekanis li te mete an plas pou mistifye lòt yo, yo arive chavire l. Kidonk ni pou fòm ni pou fon, chak grenn moun ta dwe li zèv sila.

close

Abonnez vous afin de recevoir les derniers articles publiés

Nous n’envoyons pas de messages indésirables ! Lisez notre politique de confidentialité pour plus d’informations.

Djeffree Life Milfort

Étudiant en communication sociale à l'INUKA, Djeffree Life est un passionné de lecture et un défenseur farouche de la langue créole.

Un commentaire

Bouton retour en haut de la page