Kontni KreyòlLittérature

« Agase Lesperans », Lyonel Trouillot : yon bèl plim pou twa desten trajik

Gen ekriven ki gen pouvwa fè w viv yon istwa, yon resi ; gen lòt menm ki gen pouvwa, pandan w ap viv istwa a, fè w viv chak mo ki ladan l. Se nan dènye kategori a Lyonel Trouillot ye. Kit li ekri an kreyòl, kit se an fransè li ekri. Se poutèt sa, dayè, « Agase Lesperans », youn nan dènye zèv li yo – Trouillot tèlman ekri ! – , pa vyole règ la.

« Agase Lesperans » se yon woman eponim (li pot non yon pèsonaj nan resi a) ki chaje pwezi, efektivman. Malgre lavi pèsonaj prensipal yo pa vrèman wòz – pa wòz ditou – , chak gout mo ekriven an pèmèt nou travèse istwa dous-anmè sa, menm jan Agase Lesperans, Valeri ak Jowàn, twa fanm, te fòse travèse egzistans lan, malgre m imajine tou, e se sa l ye sandout, li mwens difisil nan ka lektè a ke jan l te ye nan ka moun sila yo.

Men, poudivre, èske se pa youn nan fonksyon yon ekriven : rakonte lavi lèd avèk bèl kout plim? Antouka, se sa otè  » La belle amour humaine » lan fè pi byen.

Nan « Agase Lesperans », Lyonel Trouillot montre, avèk ladrès, lavi twa fanm ki pa leve nan menm timtim, nan menm bwa chèch :  » Yon tirèz kont k ap mache rakonte istwa toupatou ; yon jennfi dizuitan ki leve nan richès nan katye Montay Nwa ki pa konnen kisa pou l fè ak lavi l ; yon jenn fanm k ap travay nan yon salon finerè, obsesyon l se pwoteje libète yon ti sè lavi a kite sou reskonsablite l. Twa fanm ki, annaparans, pa gen anyen pou wè youn ak lòt […]. Twa fanm, twa desten ki pral kwaze sou Boulva Janjak Desalin « . (mo editè a).

Kwazman yo sou Boulva a, se pa t ni pou yon seyans tire-kont, ni pou plenyen pwoblèm patikilye yo, alevwa pou yo ta chèche jwenn yon solisyon. Non, se pa t volonte yo ki te ini yo, men se te fòs yon trajedi : si lari a se salon pèp la, si lari a akeyi tout klas, se pa tout lè li fè yo bon akèy.

Atravè woman sa, otè a (petèt tou se naratè ki alatwazyèm pèsonn lan) lonje dwèt sou ipokrizi sosyete a : moun anwo ki fèmen je yo sou yon pakèt bagay ; yon pati nan klas entèlektyèl la k ap pwonnen sosyalis ak kominis pasipala, pandan y ap viv chen manje chen, pandan y ap konpòte yo tankou yon bann krab nan yon panyen ; politisyen, ayè kou jodi a, ki pa vle moun rakonte istwa ki pa nan sans yo…

Nan mwens 200 paj, Lyonel Trouillot pwodui yon bijou nan lang manman nou ak papa nou. Yon woman ki merite li.

Agase Lesperans, C3 Éditions, 2017.

close

Abonnez vous afin de recevoir les derniers articles publiés

Nous n’envoyons pas de messages indésirables ! Lisez notre politique de confidentialité pour plus d’informations.

Samuel Mésène

Né en 1997, Samuel Mésène est passionné de littérature(s) et de culture générale. Attiré aussi par les sciences politiques, il a intégré l'INAGHEI en 2016 pour des études en relations internationales qu'il a abandonnées au bout de deux ans. Une vie excitante, voilà ce qu'il essaie de vivre, chaque jour, à chaque mot, à chaque geste.
Bouton retour en haut de la page