InterviewKilti

Ann fè konesans avèk Shubeats, prensipal « beatmaker » Wendyyy

Shubert St Juste, tout moun konnen sou non Shubeats, se yon jenn gason ki fèt epi ki grandi Gonayiv. Li fè tout etid klasik li nan vil sa, apre pou li t al kontinye Sendomeng. Shubeats, se yon pasyone mizik, ki pase de rapè a pwodiktè. li te komanse karyè li antanke rapè nan ane 2003-2004 yo, ak G-Crew. Jodi a, li se prensipal « beatmaker » Wendyyy, kote se touch li ki sou tout mizik dènye EP atis la, LVAR (Longue Vie Au Roi). Nou te gen chans fè yon ti pale avèk jèn talan sa a.

RKTL : ki premye kontak Shubeats ak mizik ?

Shubeats : mwen pa grandi nan yon fanmi ki jwe mizik, apa de yon kouzen m ki te konn jwe gita e ki pa t menm rete prè m menm, ak yon lot kouzen ankò ki t konn danse. Alepòk, li te konn fè pwogram nan Sugar night Club, Gonayiv, ak Gwoup li, ki te rele Feeling Design. Depi lè sa, m te enfliyanse pa dans, m te komanse ap imite Michael Jackson, men m pat janm panse kem te gen sans mizik anndan m malgre chak fwa yon mizik ap jwe, mwen te konn souvan santi ki nòt oubyen ki akò ki ta pral jwe aprè. Epi, an 1997, mwen fè premye kontak mwen ak Mizik gras ak Yon zanmi m ki te Rele Aro ki te vin pati ale USA, ki te rele m pou fè m tande jan l ap rap yon ‘Coolio- Gangster’s Paradise ». La, mwen di fòk mwen ta eseye tou. Vwala mwen komanse dekouvri talan rapè mwen malgre lang mwen pat fin twò alèz nan pwononse mo anglè yo.

RKTL : yon brèf prezantasyon de pakou mizikal ou

Shubeats : Mwen te komanse karyè mwen antanke rapè nan ane 2003-2004 ak G-Crew. An 2007, nou, Fausther (Fat Money ki mouri an 2010), Isaac (Zz) epi mwen menm, te kreye Heavy Game ki t fè wout li ak « Kay manmanw wap rete », « Ki Avni », elt. Heavy Game, apre tranblemandtè 2010 la te vin chanje an Neggo, ki t fè « Moun yo pa pou mwen » ak Fresh la, Vwadèzil ; An Kreyol avèk Triple J ; A ki m prale… Tou sa, ak nouvo manb li yo ki te Robens (Da Roob ), nou pèdi mwa pase yo, (R.I.P Guys !), Djeten (Pdjee Money). Epi a koz gen nan nèg yo ki t kite peyi a, tankou Zz, Pdjee, sa t vin lakoz gwoup la bwate epi louvri jem plis sou kesyon pwodiksyon mizik. M te tou pwofite chanje non, de JRed Eyes an Shubeats.

RKTL : depi kilè Shubeats ap fè « beat » ?

Shubeats : Mwen komanse fè beat depi 2009.

RKTL : ki premye kolaborasyon w ak Wendyyy ?

Mwen te fè premye kolaborasyon mwen ak Wendyyy, se t sou dènye Album li, King Rete King an 2018, 13èm tit. Se te aprè plizyè kontak m te rive jwenn nimewo l, epi m te ekri l pou prezante l yon « beat », li ta pral renmen depi sou premye fwa li te tande l la.

RKTL : Èske ou travay pou lòt atis ayisyen ?

Shubeats : Mwen te travay pou DRZ avan, apre mwen travay pou NGS, Heavy Game (Neggo), Timber G, Blaze One ak Anpil atis ki pa twò popilè.

RKTL : Jounen jodi a, kijan ou viv kolaborasyon sa ak Wendyyy ?

Shubeats : Kolaborasyon sa a, se dènye gout dlo ki te fin plen bokit sakrifis ak pèseverans mwen, se fwi pasyans mwen. M pa kwè m ap janm regrèt sa, koz se yon moman ki make lavi m e fè anpil moun dekouvri m.

RKTL : Ki lòt pwojè ou genyen nan kad aktivite mizikal ou ?

Shubeats : Pwojè m genyen nan moman an, se pwodui plis pou m rive pi lwen. M gen anpil pwojè men gen bagay ki poko fin reyini pou m komanse yo, se sa k fè m poko ka di w yo, men n ap suiv…

close

Abonnez vous afin de recevoir les derniers articles publiés

Nous n’envoyons pas de messages indésirables ! Lisez notre politique de confidentialité pour plus d’informations.

Mike Préval

Un amoureux de la vie, des lettres et des images…

Un commentaire

Bouton retour en haut de la page