Kilti

Yon ti kout je sou kontribisyon vodou a nan richès lang kreyòl ayisyen an

Nan kad jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl, ki selebre toupatou nan sosyete ki gen kilti kreyòl yo nan dat 28 oktòb, chak ane, nou deside pote pou ou kèk ti patikilarite ki genyen nan lang kreyòl ayisyen an ki ta soti drèt nan vodou a.

Li difisil, pou menm yon fwa, pou w pa ta tande de mo kote w pa t janm konn tande avan ; de pwovèb, chante angaje grandèt ou leve ak yo konn ap di osnon chante, san w pa konn ki kote yon soti vreman. Gen anpil nan yo, de mo osnon espresyon n ap itilize chak jou nan lang lan, se ta anba bouch lwa yo nou pran yo. E yo tou antre nan richès lang lan, nan richès kilti a. Yo sibi anpil varyasyon nan òtograf ak pwononsyasyon yo, an fonksyon de rejyon moun k ap itilize yo a.

Pa egzanp, lwa Gede yo ki gen nan eskòt li Gede zariyen, Gede Nibo, Gede Pimnantchyou elatriye. yo se gadyen mò yo, yo se antite tè, yo se mò, koton yo konn mete nan nen mò yo nan tradisyon zansèt nou yo vin ba yo yon langaj ki soti nan nen. Se nan kon sa “Tafya” varye an “Toufya”

Nou itilize chak jou ekspresyon « Poto mitan » lè n ap pale de yon fanm ki responsab yon fanmi san papa. Wi, se nan vodou an ekspresyon sa soti. Poto mitan se senbòl mistik sa nou jwenn nan mitan peristil (ki se yon mo ewopeyen nou prete pote nan vodou a) ki asire koneksyon ant lwa yo ak vèditè yo. Se pou sa Dambala ak Ayida toujou desinen nan poto yo, yo se lwa koulèv ki reprezante konesans ak fizyon fanm ak gason nan vodou a.

« Grenadye alaso » moun ki renmen jwèt boul ap konnen se slogan ekip nasyonal nou an e ap konnen tou se fraz vanyan zansèt solda nou yo. Mo « Alaso » sa soti nan vodou, se salitasyon lwe Kouzen Zaka ki se mèt rekòt, pwotektè vwayajè. Ou di « Alaso » pou montre ou gen rasin, pou montre ou fò. Tousen Louvèti te di yo bat kò pyebwa a men rasin yo fon e yo pa jwe.

De mo tankou « Tchyovi » ki vle di : Ti moun, ti lèzany.
« Je kreve » ki vle di lajan.
Toufya ki vle di tafya
« Bwa bourik » ki vle di sigarèt
Farin ginen ki vle di sann dife.

Konsa tou, gen lòt mo ak espresyon ankò ki ta sibi modifikasyon se selon lwa ki ap pale nan tèt chwal la. Chwal, nan leksik vodou a vle di moun lwa monte a. Anpil nan mo ak gwoup mo sa yo, se de mo lwa ki soti an Afrik pote nan lang lan. Pa egzanp « Ougan » vle di sèvitè lespri, nan yon lang afriken. (Oung) sevitè (gan) lespri.

Menm Jean Price Mars te di l nan « Ainsi parla l’oncle » menm lè pèp ayisyen an fache, li kontan, li ap pase mizè fòk li chante,, fòk li danse. Se yon idantite ki pwòp a nou. Lwa yo tou, yo antre nan imajinè kolektif nou, yo angaje, yo chante, y ap kriye yo chante, y ap selebre lavi yo danse. Men tou, se pa mo ki tipikman makonnen ak vodou a ase ki suiv règ sila. Gen lòt rapò ki ta plizoumwen jeneral ki ta tabli nan menm lojik enpòtasyon sa n ap gen pou n wè pi devan.

« Wongòl oooo w ale kilè w a vini wè n ankò […]/
Peyi a chanje »

Kiyès ki pa konn tande chante angaje sa ? Ki sa Wongòl te ye ? Wongòl se te yon tribi afriken ki te genyen nan tèt li yon wa afriken ki te saj anpil, li te konn pale bon pawòl, men li te piti anpil, li te konn chita sou yon ti chèz ba. Se sa k fè, lè granmoun yo bezwen tande yon pawòl ou konn tande yo di « Ban m pran ti chèz ba m pou m koute ». Tout sa yo se richès lenguistik ki soti dirèk nan patrimwàn afriken an nou jwenn atravè vodou a.

Kisa lwa yo kite pou nou kòm valè ?

Ki leson n ka tire de ansèyman lespri yo ? Lwa monte kit fanm kit gason, lwa yo di w « Aba diskriminasyon sou moun, kenpòt si l fanm, si l gason ». Lwa yo ta vle aprann nou manje nan yon sèl kui lè kandjanwou, lwa yo di w « Viv pataj ak tèt ansanm, tout moun fè yon sèl ». Lwa yo di koze yo jan yo ye a, lwa yo pa lanmè yo pa sere kras ; yo di w « Aba ipokrizi ». Sa ki fè depi yon lwa tankou Gede vini, si te gen timoun la fè yo ale si non Gede ap repete tout gwo koze, paske Gede yo di w sa w pa vle timoun yo tande an ak reyalite vi an se de (2) bagay diferan. Jodi osnon demen y ap konnen l san mank. Donk, nou ka di anpil mo kreyòl ayisyen ak kèk pratik nou te konn viv lakay nou lontan – anpil nan yo sanse pèdi – se nan men lang ak kilti an Afrik yo nou prete yo ; se lwa yo oubyen vodou a ki pote yo pou nou.

Tout sa yo se pawòl grandèt transmèt nan bouch. Sa yo viv, sa grandèt avan te di yo. Se youn nan fòm konesans yo.


Jacques Dalaicham Ganthier


sous : Légende des loas – Deita
Dieu dans le vodou haitien – Laennec Hurbon

close

Abonnez vous afin de recevoir les derniers articles publiés

Nous n’envoyons pas de messages indésirables ! Lisez notre politique de confidentialité pour plus d’informations.

Bouton retour en haut de la page