Kontni KreyòlOpinion

Leta ak laboujwazi : gwo konplo kont lespwa sa k pa kapab yo

« Jodi a nou tout wè se lavi n k ap depafini. Yon Leta pèpè k ap bobo ak yon boujwazi k ap achte ak revann mete ansanm pou toupizi n. »

Lè n fin peri n a di zafè lavi. Nou pa p janm konprann si s on konplo. Nou pa fouti wè s on kou moute. Ban m di nou, depi kilè nou wè se enterè n k ap defann ? Nou te janm byen ! G on sèl bagay nou dwe konnen, tout sa y ap fè yo fè l nan non n. Yo sonje n se sèl lè y ap pran n kòm pon pou yo travèse lòtbò a baryè a. Tout chen manje chen n tande a se pou n pa konprann wi. Yo pa nan kont vre. S on plan, s on konplo ak yon gwo travay ki fèt pou je w pa janm kale. Men, g on bagay ki klè k on dlo kòk, nou pa p ka fè tout tan je n fèmen. Pou n mache, fòk nou wè.

An n f on bat bouch nan lang manman n ak papa n pou n ka konprann byen. Sa fè lontan n ap pale gwo franse. Pafwa, nou youn pa konprann lòt. Nou jis ap depoze bèl fraz. Epi nan mitan kè n se kreyòl la k ap boujonnen.

Jodi a nou tout wè se lavi n k ap depafini. Yon Leta pèpè k ap bobo ak yon boujwazi k ap achte ak revann mete ansanm pou toupizi n. Pandan n ap pale de boujwazi a, men kisa l vle di nan peyi isit ? S on gwoup moun ki chwazi pran yon rivyè ki te ka bay tout moun dlo epi ki f on kannal pou lage rivyè a nan basen lakay yo sèlman pandan swaf dlo ap touye tout moun. Pou swaf pa touye w, fòk ou gen anpil lajan pou w achte dlo a. Pa bliye, ou pa gen lajan e bagay yo pa bon pou ou menm. Souple, rivyè a pa gen mèt non. Kounya la, kòm yo di Leta la pou tout moun, nan tèt pa n, li pra l koresponn ak moun sa yo pou lage dlo a pou tout moun ka jwenn pou bwè. Ou pa mande m koze, men kisa Leta sa fè, pou w pa anvayi moun sa yo, li fè de (2)  bagay : nan yon premye tan, li f on jan pou l fò w aksepte sa. Se pa ak fòs non malgre l gen gwo zam. Travay sa fèt nan radyo, lekòl, legliz, pati politik, elatriye. Nan yon dezyèm tan, li f on jan pou bay moun sa yo sekirite pou w pa janm ka rive pran yo. Sa vle di si w pa rive aksepte bèl pawòl yo, l ap krabinen w pou w aksepte sa. Dayè, tout fòs yo nan men l. Eske nou wè nan kisa n pran ? Mezanmi ! Nou mele wi.

Kounya w ap konprann lè m di w Leta ak boujwa yo ap konplote pou detui lavi n nan. G on epòk, nou te konn di zafè yo paske n te gen peyizan yo k ap travay latè pou n jwenn manje. Epòk sa te chaje diri nan Latibonit. Boujwa yo fache. Konsa, yo f on jan yo dekouraje peyizan yo. Lè m di w sa, moun sa yo fò wi. Yo di y ap achte nan men peyizan yo. Kòm peyizan yo pa gen rele yo pa gen reponn, yo oblije vann ak mechan sa yo. Anben! Ti kòb yo ofri peyizan yo paka achte anyen. Vye kiltivatè yo vin pa gen kòb pou manje ak pou travay latè paske se sa yo te genyen yo yo vann. Lè konsa, se moun gwo zouzoun laboujwazi ki vin gen tout bagay yo; yo sèl kòk chante. Peyizan pran nan konplo. Yo vin oblije chita nan rete tann moun lavil. Lamizè blayi kò l nan peyi a nèt ale.

Yo toujou di n Leta la pou garanti bon jan lavi pou tout moun. Si se vre, poukisa l pa janm di moun sa yo anyen ? Poukisa l pa janm ouvè bouchi a pou lage rivyè a pou nou tout ka jwenn dlo ? Malgre tout bagay sa yo, sa poko anyen toujou. Lè gwo potanta yo ap batay, kòm nou la, y ap chache on jan pou n pa konprann. Poutan, je n ki pa pete ki fè n wè yo wi. M di sa paske si n te konprann yo, nou t ap gentan leve kanpe kont yo. Nan chache bouche je n, yo fè n tout vye zak malonèt. Yo kidnape n pou fè n vann vye ajoupa nou te rete a. Yo mande n gwo lajan. Se bagay ki di wi lè w panse yon moun se baz ou epi l se pi gwo lenmi w. Pito w pa t janm panse l te zanmi w. Lè konsa w t ap pridan ak li. Sa dwe klè pou nou, Leta ak laboujwazi se pi gwo lènmi n. Se yo k lage n nan sa n ye la. Pou n g on lavi miyò, fòk nou leve kanpe kont yo.

Nou panse s on bagay serye lè y ap di n Leta fèb la ? Gade ki moun k ap di l : swa moun nan nayif li pa konprann oubyen se menm reprezantan Leta ankò k ap di n sa pou n ka pa janm kouri dèyè yo. Imajine n byen, yon gwo aparèy ki gen de (2) branch : yon kote, gen aparèy Leta, sa vle di tout enstitisyon nou konnen ki nan men Leta yo. Nou ka site laprezidans, laprimati, lapolis, elatiye. Yon lòt kote, gen sa yo rele aparèy ideyolojik Leta yo. Nan branch sa, nou ta ka site radyo, legliz, lekòl, pati politik, elatriye. Zafè Leta a s on gwo koze wi. Sa k di a, aksyon l poze se nan avantaj moun ki gen lajan yo. Epi y ap di w li fèb ! Poukisa yo pran nou la mezanmi !?

An n f on kout je sou Sonapi pou n wè lavi ouvriye yo ki tradui esplwatasyon klas dominan an. Moun sa yo ap leve chak douvanjou pou pran lari pou al travay nan faktori, malgre tout jan ensekirite a ye. Yo s on ansanm ouvriye ki oblije travay chak jou pou manje yon pen. Souvan, ti sa y ap touche chak mwa a se dèt yo peye ak li nan menm espas travay la. E, fòk nou pa bliye sa, moun sa yo kite fanmi lakay. Sa konn rive se yo ki lespwa fanmi an. Kouman reyalite lavi moun ki rete lakay yo ye lè yo gentan manje ti kraze monnen y ap ba yo a nan espas travay la ?

Gen yon pawòl fòk nou di wi, g on eleman fondamantal : pi fò lajan ki rete nan men boujwa yo. Men kisa l ye, se mago lajan ki rete a lè boujwa yo fin retire kantite lajan k ap peye ni ouvriye yo ni achte mwayen pwodiksyon yo. Sa vle di valè ajoute sa plis pase tou de (2) sa yo. Ouvriye a pa rive gen mwayen pou itilize menm sa l ap pwodui andan faktori a. Si pou l itilize l, se deyò li oblije achte l. E l pa gen kòb pou achte l. Sa vin fè l nan yon veritab alyenasyon : li depann de menm sa l ap pwodui a. Sa s on gwo pwoblèm. Ouvriye sa pa p fouti g on moman lajwa. Se fòs li li oblije ap vann chak jou pou l manje pandan gwo potanta yo pa menm mete aksan sou kantite kouraj l ap mete pou travay yo fèt. Se pito kantite w pwodui a k ap detèmine sò w.

Toutan pri pwodui yo sou mache a ap ogmante (menm sa yo rele enflasyon an), salè minimòm nan ta dwe ogmante. S on dwa ouvriye a genyen pou l reklame sa. Si non, ti sa k nan men l lan pa p ka achte anyen. Pou m moutre n tèlman Leta pa pou nou. An n gade sa ansanm. Lapolis ki se bra represif Leta a ap vide baton sou yon ouvriye k ap reklame dwa l pou jous ouvriye a rive mouri. Ou wè sa m t ap di a! Ki sans Leta sa vin genyen la ? Malgre ti sa ouvriye yo reklame a pa p itil anyen, lapolis rive bat yo pou jous yo rive mouri. Bagay la senp, se maryaj Leta ak boujwazi a k ap etenn lavi ti pèp la.

Nan menm liye sa, gen nesesite pou gen moun ki fè ouvriye konsyan de sitiyasyon lavi yo pou rive ranvèse lòd sa k ap esplwate yo a. Sa se travay entèlektyèl òganik yo ki pou rive pwone konsyans klas, yon fason pou klas ouvriye a transfòme an klas pwoletaryèn. Se konsyans klas la menm ki pra l fè yo chita sou salarya epi k ap voye yo nan klas pwoletaryèn. Lè konsa y ap rive detekte ènmi yo a. Fòk lòd sa ranvèse.

 

Westevenson Clovis

close

Abonnez vous afin de recevoir les derniers articles publiés

Nous n’envoyons pas de messages indésirables ! Lisez notre politique de confidentialité pour plus d’informations.

Bouton retour en haut de la page