Kilti

Tanbou : yon zouti sakre

Nan vodou, gen anpil materyèl ki gen gwo enpòtans. Pami zouti sa yo Tanbou a se Youn nan sa k pi enpòtan yo. Se ak li yo sèvi pou fè dans, bay gonbo, fè anpil Gwo seremoni sitou se li pou yo jwe pou desann lwa nan tèt sèvitè(z) yo.


Men pa gen anpil moun ki souvan mande kisa tanbou reprezante Nan Vodou ? Ak kisa yo fè yo ? Èske tout Tanbou se menm ? Èske rit yo jwe nan tout zòn nan Peyi a se menm ? Se tout Kesyon sa yo ki pwal fè nou fè ti rale mennen vini sa a sou Gwo enstriman ki boure ak enèji sa, ki se TANBOU.

Tanbou se Yon enstriman sakre nan Vodou ki konpoze de 3 gwo fòs oubyen espri :

1-Pye Bwa ki konpoze kò Tanbou an.
2-Po bèt ki pwal kouvri tanbou an.
3-Enèji imen :
3.1) atravè entelijans ki fè tanbou an
3.2) enèji moun ki ap jwe tanbou a (vibrasyon).

Pwovèb la di : « Tanbou ki fouye a kouvri nan raje (Bwa), se anndan kay (anba tonèl ou peristil) li vin jwe. Kidonk atravè pwovèb sa a nou dwe konprann, fè tanbou se tout yon konesans (Regleman) ki makònen ak yon seri metòd ki mèt tèt yo.

1- Bwa pou fè tanbou an gen epòk pou koupe li parapò ak Lalin nan. Apresa gen tan pou prepare Bwa a. Fò k nou konnen tout bwa pa fè tanbou se sa k fè granmoun lakay toujou di se konnen ki fè. Pou fè tanbou yo plis itilize gonmye, lam, chèn, monben, mango.

2- Lòt sa nou dwe konnen, chak tip tanbou gen yon tip po (tchui) espesifik pou kouvri li. Po sa a kapab po bèf, po kabrit oubyen po mouton. Chwazi po sa yo pwal depann de ki son ou vle tanbou a bay enpi ak kisa ou pwal jwe (pla men oubyen bagèt).

Si se ak bagèt w ap oblije Kouvri l ak tchui bèf men si se ak pla men se swa ou Kouvri l ak tchui kabrit oubyen tchui mouton men Nan tou de (2) ka yo fò k se jèn bèt pou yo ye (Nan pòtoprens yo itilize TANE ki se po bèt ki pase nan lacho). Pyès tanbou yo pote plizyè non, sòti nan boula, katabou, selide ou Manman Tanbou pou rive nan Tanbou Asòtò ki se pi gro dimansyon Tanbou nan Peyi a.

Grès Balèn ak yon tanbou.

Men nan chak rit non sa yo pa toujou menm. Egzanp nan rit TIJOSLIN yo jwe nan Latibonit. Nou k ap wè yo jwe l ak 6 Tanbou : yon de (2) bwa, yon gwonde, 3 tanbou bas enpi yon manman tanbou (Ogan ak Banbou jwe Nan RIT sa a tou). Li enpòtan pou n presize nan rit sa a gen melanj ant 2 tanbou yo ( tanbou Dawonmen ak Tanbou Petwo). Pi lwen nou k ap di prensip tanbou Petwo ak Tanbou Dawonmen yo pa menm ditou. Pou tanbou petwo ou tanbou KONGO (non yo ba li nan lakou Soukri danach), li fèt ak pyebwa ( yo itilize nan sèk yo), po zannimo (tchui mouton ou kabrit) enpi kòd se poutèt sa yo rele l tanbou ak liy. Pou tanbou Dawonmen an se pyebwa pou kò e yo itilize pou fè kòn oubyen zo ban tanbou a. Pou chak rit yon modèl tanbou :

Pou RIT DEKA a sètadi rit yo jwe nan Wo Latibonit espesyalman nan twa (3) lakou ki fòme triyang majik la kise SOUVNANS-SOUKRI DANACH- BADJO PADI, tou de (2) tanbou yo itilize.

Pou SOUVENANS ak BADJO se Tanbou DAWONMEN (tanbou ak kòn) ki jwe rit DAWONMEN yo ak Rit Nago yo (m di yo paske yo gen divès varyete oubyen fòm).

Tandiske, pou SOUKRI DANACH se de (2) grenn tanbou Petwo yo itilize pou jwe KONGO yo. Nan Yon lòt rit tanbou yo rele « GADVODOU » Nan Latibonit ak Depatman ki toupre l yo se prèske tanbou DAWONMEN ki itilize pou jwe yo.

Yon lòt bò, rit ki se RITPETWO yo jwe esansyèlman nan Depatman lwès ak sid, se prèske ak Tanbou petwo ou ak liy yo jwe yo. Se sèlman TÈT TANBOU a ak Boula a ki konn Kouvri an nadja (Kouvri nan menm sans ak Tanbou Dawonmen yo).

Pou Jerry Benjamin, tanbouye – jeneralman se non sa yo bay moun ki konn jwe Tanbou – nan plèn Gonayiv men yo rele yo lanmeral tou ( Soukri Danach- Badjo- Souvnans), anpil kote nan lwès ak Gran Sid,yo rele yo ontògi,sitou nan langaj rit moun Kanzo (Asongwe) yo. Sepandan pou lakay nou (Gwomòn) yo rele Moun sa yo TANBOUYÈ.

Nan Regleman Vodou Gonayiv sitou nan lakou yo (RIT DEKA), yo itilize Tanbou ak kòn pou rit Dawomen (Rada) enpi Tanbou san kòn pou rit Kongo (Petwo). Sepandan nan travay teren Jerry Benjamin fè Nan dezyèm vil nan peyi à kise Okap, yo di l yo itilize tanbou ak kòn pou tou 2 rit yo, si enfòmasyon an pa bon moun nan nò va demanti l !
Jwe Tanbou nan Vodou se yon mwayen kominikasyon ak Zanzèt enpi Lwa yo. Se yon Langaj inisyatik ant inisye ak Sosyete.

Daprè Ronald Aboudja Derenoncourt (k ap repoze akote brav yo Alada), jwe Tanbou nan Sosyete ou Lakou pa yon bagay vèbal, gen sakreman ou dwe resevwa pou sa. Daprè temwanyaj li, pou l te vin Lanmeral nan Lakou Souvenans Sosyete bèl etwal, gen Sakreman ak seremoni Lepè Ati Bien-Aimé (Anperè lakou a nan moman) te ba li pou sa.

Nou pa vle ankenn Moun pran tanbou vodou pou Yon enstriman vèbal. Tanbou se enstriman ki sakre, pou w jwe l fò k ou resevwa apèl pou sa (mizisyen Vodou). Li se Yon enstriman ki Mete moun an koneksyon ak yon mond ki boure ak enèji (tanbourinè Vodou yo ka temwaye sa).

Kote nou pwize : sou paj Fesbouk Jerry Benjamin

Moun ki ekri tèks la : Racine Dieuné (Grès Balèn) mizisyen tanbou nan WAYA VODOU FLIT epi etidyan nan Sosyoloji nan Fakilte Syansimèn

close

Abonnez vous afin de recevoir les derniers articles publiés

Nous n’envoyons pas de messages indésirables ! Lisez notre politique de confidentialité pour plus d’informations.

Bouton retour en haut de la page