Kontni KreyòlSociété

Apre tranblemanntè, toujou gen yon epidemi vyòl sou fanm ak tifi

Apre yon katastwòf natirèl kèlkonk, medam yo, se youn nan kategori ki souvan plis vilnerab. Yo souvan fè fas a gwo danje annapre. Keseswa nan sa k gen awè ak move kondisyon lijyèn, anplis gwo domaj katastwòf la konn kite pou yo, yo konn tou sibi vyolans seksyèl.

14 dawou ki sot pase a, peyi a, espesyalman zòn Gransid la te frape pa yon tranblemanntè mayitid 7.2 sou echèl Richtè a. Sa ki ta lakoz pase 1 milyon moun afekte yon fason ou yon lòt, pami yo fanm ak tifi. Si pa gen bon mwayen kontwòl ki tabli, fanm ak tifi sa yo gen yon gwo malè ki pandje sou tèt yo.

90 fanm te sibi vyòl 2 mwa apre tranbleman tè 12 janvye 2010, selon sa KOFAVIV (Komisyon Fanm Viktim pou Viktim) te rapòte. Lè kèk ladan yo te deside pote plent, sa pat janm abouti paske yo pat ka jwenn yon sètifika medikal pou pote lajistis akoz lopital yo te kraze, sa ki pat kraze yo te gen lòt priyorite ki se te pran swen moun ki blese.

Lè yon tranbleman tè pase, toujou gen bezwen ijan ki se lojman pwovizwa (tant), bagay pou yo manje epi kote ak matryèl pou pran swen moun ki blese. Men pami blesi sa yo, gen blesi ki pa vizib e ki konn ap wonje viktim nan pa anndan.

An mas 2011, nan yon repòtaj Agence France Presse (AFP) te reyalize yon lane aprè tranbleman tè 12 janvye 2010 la, menm òganizasyon sa a ki se KOFAVIV te deklare yo anrejistre 465 ka vyòl sou fanm ak tifi nan Pòtoprens, nan espas kote sinistre yo te ale refijye yo. Sa koz anpil pitit fèt san yo pa konn papa yo.

Kote ki gen pil tant sa yo toujou regwoupe tout kalite moun. E se nan moman sa yo anpil fi konn vilnerab. Tifi ki pèdi paran yo konn ap viv nan mandisite e lè sa a, konn gen moun ki fè yo tout kalite abi. Lajistis pa bò lakay nou souvan efondre ak tout kay yo lè tranblemanntè pase.

Selon yon statistik Nasyonzini te pibliye nan mwa oktòb 2011 te genyen 1000 kan (kote sinistre yo te loje) an Ayiti e te gen anviwon 600 000 moun ladan yo. E absans sekirite ki te genyen nan kan sa yo konn rann kondisyon vi fi yo difisil. Pa gen limyè, douch yo fèt ak twal elatriye. E kesyon vyòl kolektif la te ogmante tou, pandan koupab yo pat janm arete.

Nan yon atik CNN te pibliye an avril 2012, yo te site yon seri chif HCR kise yon òganizasyon « ONU » bay dwa pou jere kesyon refijye nan mond la te bay. Statistik sila te revele soti 2010 pou rive 2012, lajistis an Ayiti pat arete okenn moun pou vyòl, pandan lis viktim vyòl yo t ap ogmante nan kominote a.

Mete sou blesi moral ke viktim vyòl yo te sibi apre tranbleman tè 12 janvye a, kote tout inosans yo te pèdi, anpil ladan yo te vinn genyen maladi moun pran nan fè bagay san kapòt. Nou pa jwenn yon chif ekzak sou kantite viktim vyòl ki ta trape sida ak kèk lòt enfeksyon, men sa pa vle di yo pa t ekziste. Sitou nan moman sa yo, anpil jèn fi ki te san sekou apre pasaj tranblemanntè a te konn oblije kanpe bò lari a pou yo ka gen yon ti mwayen pou pran swen tèt yo.

Jodi a ankò, jèn fi sa yo ki nan Gransid peyi a ekspoze ak tout malè. Anpil ladan yo ki pèdi paran yo pako konn de kisa yo pral viv, anpil timoun riske fèt san yo pa gen papa. L ap trè bon si nan moman sa yo nou eseye aplike kesyon « vwazinaj se fanmi an », kote youn ap voye je sou lòt, paske lajistis isit pa yon garanti.

close

Abonnez vous afin de recevoir les derniers articles publiés

Nous n’envoyons pas de messages indésirables ! Lisez notre politique de confidentialité pour plus d’informations.

Marckenley Élie

Marckenley Elie est un passionné de la lecture. Rédacteur à Rektili, il pense qu'on peut lutter contre la désinformation qui est toxique et meurtrière.
Bouton retour en haut de la page