BlògDivers

Lèt pou Woje, nan peyi Itali

Woje, ou te gen rezon lage pye w. M te konprann ou mal lè w t ap eseye eksplike m rezon ki fè w bay vag la. Sanble, malgre nou te gen menm laj, ou te pi gran pase m. M pa t ka rive konprann ou. Pou jan nou t ap mandouyèt demen nou ansanm, m pa t aksepte viv lwen w, frè m. M te fin twò abitye. M te santi m pa t ap gen patnè pou m tcheke.

Nan dènye dyalòg nou, ak dlo nan je, ou te di m ou oblije ale. Monchè, pou jan amitye nou te ye, m te wè se pi gwo mal ou te fè m. Se sa k fè m te chwazi pa pale ak ou ankò. M te chwazi bloke w tout kote. Malgre w pase pa lòt moun pou n pale, m pa t janm aksepte. Kounya m santi m koupab. Ou te gen rezon, frè m. Jan bagay yo ye la, monchè sanble pa t ankò gen anyen lè w te ale a. Se kounya gen koze. Se kounya san ap koule. Se kounya lavi ap tenyen.

Ou sonje gwo rezistans ki te konn genyen nan katye popilè yo? Ou sonje gwo òganizasyon popilè yo malgre jan bagay yo konn ye? Ebyen, frè pa m, kite m di w non, kounya tout bagay sa yo disparèt. Se nèg ak zam ki genyen kounya. Yo fè lwa yo, yo dirije tout bagay. Bagay pou m pa ta di w, menm mouche Leta pè yo. Non. Se pa sa m t ap di. Sanble mouche Leta pa moute bourik ak Lapolis ankò. Li santi nèg geto yo pi fò. Yo menm li pran kounya. Li kraze Lapolis la plat.

Apre mèt latè yo te fin manje papa w la, m panse w te ka rete. Men m pa t nan plas ou. M pa t ka konprann sa w t ap andire. M pa janm bliye lè w te di m: « Ayiti pa kote pou moun rete non, frè m ! ». Pawòl sa te blese m lè w te di l. Jodi a m wè w te gen rezon. Se mwen k potko gen matirite. M gen kèk mwa depi m ap fè rezistans. M te vle ekri w, men, pou jan m te imilye w, m te wont ekri w. A! M bouke fè rezistans. M oblije fè sa. M swete w li m.

Zantray, èske w sonje jan tout rèv ou se te vin yon gwo senatè? Nan erè w t ap ye. Pa gen bagay Senatè ankò. Ou te byen ale. Zafè senatè t ap fini sou ou. Bagay palman fini nan peyi sit. Bon menm prezidan, se sou fòm sa la wi. Ou pa t ap gen plas ou nan ti peyi a vre non, nèg. Ou te byen fè. Ou wè la, prezidan an ka di w pran lari a epi yon bandi di w p ap soti. Sa w tande a, lakay ou w ap rete wi. Bon si w ranse, y ap antre vin pran w lakay ou. Ou konn tande moun ap di yo gen lalwa bouch yo, pa gen frekan konsa. Nan nouvo lwa bandi yo mete a, tout moun se rete bèkèkè. Si w tanmen di yon mo, ou pral nan peyi san chapo rapid.

Ou wè nan lari a, depi w wè yon machin kanpe, ou sou presyon. E w ap rankontre machin a chak pa w fè. W a imajine nan ki nivo presyon an ye. Si w kite yo pran w, yo prale ak ou. Y ap bat ou. Si w se fi, y ap vyole w. Pou di yo ta lage w apresa! Bagay la t ap twò fasil. Sou pil fatra fanmiy ou pra l ranmase w. Bagay yo makawon isit, zanmi an mwen. Mwen p ap janm bliye pou m di w, ou te byen ale. Depi lè mesye a parèt l ap pale de karavàn. Tout moun ap demanti l. Yo pa vle kwè l. Poutan, sa l t ap di yo se te vre wi. Karavàn lanmò a pase li ravaje nou

Anba lavil kote se la tout ti machann al bouske lavi, yo pase yo netwaye sa tankou asyèt chen kay Ton Danpakè fin lanbe. Lasalin yo masakre moun yo, Bèlè yo masakre moun yo. Pou w ta wè jan kochon ap manje moun yo. Pou w wè yo sou pil fatra. Sa k di a, ou tande se menm moun mouche Leta yo ankò k ap fè gwo zak sa yo. Mezanmi! Ka nou grav nan peyi isit wi, Woje. Woy! Gade m t ap bliye di w sa. Ou wè jan inivèsite se yon gwo bagay. Lakou inivèsite se lakou sakre. Depi w la se tankou w te anbasad. Enben bagay sa fini. Ala frekan nou ta frekan pou n ta alèz konsa. Menm la yo tire moun. Ou ka anndan sal ap swiv kou epi w pran bal. M panse w ap gen yon ide de jan bagay yo ye.

Frè m, m mande w padon pou jan m te reyaji. M regrèt anpil. Si m te gentan konprann menm jan avè w, m pa t ap janm aji konsa. Padone m, frè m. Ou ka pa chwazi pale ak mwen ankò, men m vle w jis padone m. Konnya m vin konprann sa w t ap di m yo. Kote w ye a, fè yon jan pou w ale pi lwen. Si w ta fè lide tounen, kouri dèyè lide a. Epitou, sa m di w yo, pa di lòt moun yo non. Pou yo pa tenyen lavi m jan yo te fè jounalis yo.

Boutofen, isit, Ayiti, yo touye batonye bò kay prezidan an wi. Gad on ti peyi, mesye. Ou se yon jeni, Woje. Ou te gentan konprann bagay yo. Kenbe la. Sonje, pa tounen non. Si w ta dòmi reve yon bagay konsa, pa mize, redòmi touswit pou w fè bon rèv. Si sa ta pèsiste, pote plent kont lespri w k ap menase lavi w. M ap kontinye goumen ak yon santiman patriyotik. Bon! M pa konnen, nenpòt lè w li delin sa a, w a voye di m jan w te fè pou w ale. M ap goumen sevre, men m pa konn kouman sa ka vin ye. Bagay yo makawon.

Westevenson Clovis

Pòtoprens, 04 Novanm 2020

close

Abonnez vous afin de recevoir les derniers articles publiés

Nous n’envoyons pas de messages indésirables ! Lisez notre politique de confidentialité pour plus d’informations.

Bouton retour en haut de la page